Biwo proteksyon sivil Nòdès la kòmanse ap prepare pou sezon siklònik lan.

971

02-01-2023

Fòlibète, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon entèvyou direksyon proteksyon sivil Nòdès la bay madi 31 janvye 2023 a anonse divès mezi yo pral pran fas ak zòn ki toujou inonde yo.

Daprè direktè proteksyon sivil la nan Nòdès, Fleury Joanis, li fè konnen yo deja reyalize plizyè aktivite tankou: aktyalize plan kontejans idwometoyolik la pou ane 2022 a, visit teren ak manm kowòdinasyon kominal pwoteksyon sivil yo nan tout depatman an, revize plan ijans tanporè yo, òganize fòmasyon pou 30 brigadye pwoteksyon sivil pou n site sa yo sèlman.

Sa se pwojè Fon ijans ki te jwenn finansman UNICEF e ki te jere atravè Plan Entènasyonal, daprè direktè proteksyon sivil la ki tap depoze atravè yon nòt.

Nap raple vil tankou Wanament ak Fòlibète se zòn ki toujou pi vilnerab nan sezon siklonik pa bò isit, patikilyèman nan depatman Nòdès la.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.