Popilasyon zile Latòti a mande “Ranfò Koukouwouj” dèyè prezime kriminèl Antony Maxeus

968

05-22-2023

Latòti, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon “Voice SOS” ki soti nan bouch kèk sitwayen sou Zile Latòti kap rele “lago lago bare asasen”, yo ta fè kwè ke Antony Maxeus ta touye yon tòtigè nan jounen 22
me 2023 a, aprè li pran wout dlo sale pou li, yon fason pou al mawon nan Repiblik Dominikèn.

Pou rezon sa a, popilasyon an pibliye foto malfwa Antony ak non li, pou nenpòt kote yo sispèk li, mete men nan pat kasav li e remèt li bay lapolis.


Comments are closed.