Protestasyon: Wout nasyonal #2 a te bloke byen bonè lendi 9 janvye 2023 a.

1,317

01-09-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Wout nasyonal nimewo # 2 a nan nivo Kafou André Dicette, zòn ri Benwa bloke byen bonè lendi maten 9 janvye 2023 a. Blokaj sistematik wout sila, fèt akoz patizan ansyen polisye revoke Jerry Acange Anderson Leconte te tire blese Charles Steeven  ak yon katouch bò kòt gòch li nan moman yo tap kondwi kadav Ricardo Crib, kote ke sitwayen nan vil Tigwav tap ekjije jistis ak reparasyon pou fanmi Jounalis la ke Jerry Leconte te asasinen ak katouch.

Siyasyon sa a, pwovoke gwo van panik ak tansyon byen bonè maten an, kote kawotyou tap boule, barikad drese ak kamyon sou wout nasyonal nimewo a # 2 ak divès rejyon nan vil la; se fason pou moutre dezakò yo ak asasen Jerry Acange Leconte Anderson ki deja detwi lavi pou pipiti 10 jèn gason nan komin Tigwav.

Toufwa, Charles Steeven ki viktim nan fineray Ricardo ak yon katouch bò kòt li ki pou kounye la, lavi li pa andanje selon sadoktè li ta rapòte.

Nap siyale, Charles Steeven deklare ke li  apiye tout mouvman kap fèt depi se pou egzije otorite lapolis ak lajistis mare tankou krab prezime asasen an, Jerry Acange Leconte pou zak kriminèl li sou tijèn gason yo nan  popilasyon Tigwavyèn nan.

JOICY Arnold

Comments are closed.