Popilasyon 3èm seksyon Dègranj mande responsab DINEPA yo debloke wout la silvouplè.

737

04-11-2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Popilasyon 3èm seksyon Dègranj mande responsab DINEPA yo fè dilijans pou leve tiyo yo nan wout nasyonal la ki kapab poze gwo dega nan mitan popilasyon an.

Dlo a itil se vre, men bloke yon sèl ri pou moun yo evakye ak aktivite yo a se yon lòt pwoblèm ankò. Materyèl yo bloke yon sèl ri a, depi plis pase yon mwa, anpeche yon lekòl fonksyone, machin pa gen aksè pou sove vi yon moun ki ta nan difikilte nan wo seksyon an. Menm yon motosiklèt ki ta pote yon tichaj pa kapab travèse espas la, ale wè pou yon machin ki ta pote yon maladi grav.

Se reyèlman iresponsab ak manfouben! Enjenyè Guyto, “malè avèti pa touye kokobe”, pa kite popilasyon an viktim sou konsyans!

Comments are closed.