Yon ti lèzanj 9 lane navige yon bato vwalye, sòti sou zile Latòti pou pran direksyon vil Pòdpè.

1,062

08-12-2023

Zile Latòti, Ayiti____(TRiboLAND) Mennen yon bato vwalye sòti sou zile Latòti pou antre sou Gran Tè, Pòdpè, pa senpleman mande fòs pwodiksyon fizik, men pito anpil teknik ak ladrès.

Byen bonè maten dimanch 12 dawou 2023 a, nan mitan yon latriye pasaje, fanm tankou gason, yon ti lèzanj 9 lane navige yon batiman vwalye sòti sou zile Latòti pou rive jous sou waf Pòdpè a, san oken difikilte.

Antouka, avèk yon ton serye, yon posti Leadership, jèn kapitèn nan pandan trajè a, te responsabilize lavi chak pasajè. Yon evènman ki mete souri nan kè anpil moun sila yo ki te abò bato a, e menm pwomèt y’ap kouvwi yon ane frè eskolarite pou ti lèzanj lan, kòm rekonpans. Se yon veritab jeni! Kapitèn ki pi jèn! anndan peyi Dayiti!

Comments are closed.