Polis minisipal nan Senlwidinò arete 3 endividi “je enkoni”

850

05-22-2023

Senlwidinò,Ayiti___(TRiboLAND) Nan fouy kap fèt nan komin Senlwidinò pou anpeche move zangi fofile pami lafoul pou vin simen latwoublay, polis minisipal yo rive mete man nan pat kasav 3 endividi sispèk kòm enkoni nan komin nan, epi ki ta posede marigwana nan valiz yo pou vin fè biznis ak fimen nan baz.

2 premye yo se moun pòdepè ki tap rantre nan komin nan avèk kagezon tabak marigwana pou fè biznis yo san idantifikasyon. Pou lòt endividi a, ki pretan di se moun Latòti men ki pat ka idantifye l, te chaje ak marigwana nan valiz li pou vin vann ak fimen nan baz.

Ajan polis minisipal yo kite konstate popilasyon an te deja motive pou fè bwa kale sou yo, te twonpe vijilans popilasyon an, remèt yo byen vit nan komisarya a pou tout swit nesesè yo.

Comments are closed.