Yon group envèstisè ap efektye yon visit eksplorasyon sou zile Latòti

255

09\24\20

Latòti_____(TRiboLAND) Latòti ap resevwa demen vandredi 25 septanm 2020 an visit yon group envèstisè Ameriken nan zòn Kayonn daprè yon anons Enjenyè Thélusma Tamsen, yon pitit natif natal zile a.

Ekip vizitè sa yo konte envèsti nan domèn tankou: sante, tourism, edikasyon avèk enfrastrikti woutyè. Selon menm sou enfòmasyon, envestisè sa enterese mete soup ye konstriksyon otèl nan zòn Wès zile a nan Nòdwès peyi a.

Yiasainthe Frisnerl, jounalis

Comments are closed.