Operasyon polisyè ak BLTS: yon arestasyon ak yon kantite materyèl sezi nan aveni panamerikèn

401

05/22/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nan yon operasyon ke BLTS te arive fè vandredi 21 2021 an nan avni panamerikèn, touprè Otèl Montana nan blòk ri Cineas, yon sitwayen ki pote non Réginald Mathone ki genyen 44 lane, arive jwen arestasyon li, dapwè responsab Polis Nasyonal la.

Yon parèy operasyon te fasilite dapiyanp: 10,000 goud; 219 gràm matijuana seche; yon pè minòt; 1490 dola ameriken; 200 pesos Ajantin; 5 dola kanadyen; yon plak sekirite; yon ti balans mak Tombia; yon jilè pabàl; yon pistolè kalbi 9mm màk seri P 1960582; yon chajè ak 8 katouch pou kalib 9mm la.

Pandan ke DCPJ okipe kay kote yo sezi kantite materyèl yo pou swivi legal, Réginald Mathone ap reponn kesyon otorite yo.

Comments are closed.