Peyizan kay kraze nan 2e Seksyon Pòdpè mande ki lè y’ap jwenn dedomajman

348

Pòdpè____(TRiboLAND) Peyizan 2e Seksyon kominal vil Pòdepè, lokalite Tifon ak Aubè, gen gwo bouch louvri ak otorite peyi dayiti yo. Peyizan yo denonse otorite Lameri ak TPTC yo ki finn kraze kay yo pou fasilite Konstriksyon Wout Pòdpè — Kafoujòf e ki pa janm panse dedomaje yo.

Peyizan viktim sa yo, ki pa gen kote pou yo dòmi, e ki pa janm sispann fè laviwonndede nan biwo Finans Pòdpè a, pa t mete dlo nan bouch yo tou pou kritike Prezidan repiblik la ki se wòch nan dlo daprè sa yo di e ki pa janm panse ditou ak soufrans yo.

Li enpòtan pou n raple, Konstriksyon Wout Pòdepè — Kafoujòf la, se youn nan pami bann dividal ak latriye pwomès Jovenel Moïse te fè popilasyon Nòdwès la pandan kanpay elektoral li. Sepandan selon sa divès obsèvatè fè konnen, se yon travay k ap vanse klopi klopan .


Saint Jean wiskis, TRiboLAND
Tel : 3600 1195; 4204 2561

Comments are closed.