Direktè lekòl Maurice David nan Vyalè 1è seksyon Tigwav,  Martinez Registre mande anseyan grevis pou yo fè yon trèv.

201
0
Share:
TRiboLAND

05-22-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Direktè lekòl nasyonal Maurice David la ki nan Vyalè, 1ère seksyon kominal Tigwav, Martinez Registre nan yon antrevi li akòde ak laprès jodi lendi 22 me 2023 a, mande anseyan grevis yo pou fè yon trèv yon fason pou bay elèv yo yon chans pou boukle ane lekòl la.

Direktè lekòl nasyonal Maurice David la, deklare sa anseyan yo ap reklame a, ap bon pou li tou, li pap kanpe anfas yo men sepandan , fòk yo akòde yon trèv pou elèv yo, yon fason pou yo pa pèdi ane lekòl la.

Pou anseyan Registre, lekòl la pat louvri nan mwa septanm jan minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, Nesmy Maniga te anonse sa, akòz pwoblèm ensekirite ak rate gaz ki te genyen nan peyi a.

Toutfwa, direkte lekòl nasyonal Maurice David la, Martinez Registre ankouraje minis edikasyon an, Nesmy Manigat pa pran tan pou chita pale ak anseyan nan tout peyi a, yon fason pou rive jwen yon solisyon negwosye pou debloke sitiyasyon an.

Share:

Leave a reply