Bandi malfwa, dwèt long dechalbore Legliz Kretyèn Fòj, 4èm seksyon Rivyèdèba nan lannwit 23 pou leve 24 avril 2023 a.

04-24-2023
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Bandi zèfeyis, dwèt long kanbriyole legliz kretyèn Fòj 4èm seksyon Rivyèdèba nan lannwit 23 pou leve 24 avril 2023 a.
Selon kèk manm nan legliz la, se pa premye fwa asasen yo kanbriyole enstitisyon an, men fwa sa yo dechèpiye tout sa ki enpòtan nan tanp Bondye a; menm inifòm koral yo, yo arive vòlè pote ale, se sèl ban ak batiman an ke yo kite.
Anpil kesyon ap poze pou kisa moun pa gen respè pou bagay sakre Bondye yo ankò? Sa fè yon twazyèm fwa malfèktè rantre nan legliz la, pote ale tout materyèl sansib ki nan enstitisyon an, ki pa menm kapab reponn ak bezwen li. Tout sa se pèsekisyon pou levanjil pa preche; e fò legliz arive fè chemen li kanmenm.
Nan sans sa, fidèl Legliz Kretyèn Fòj yo ap mande konkou tout kreyen yo nan rès mond lan ak otorite yo pou yo ede yo konbat malfwa sangwen sa yo ki sèvi yon pongongon pou avansman legliz Granmèt la.






