Yon idravyon etranje ameri san lizaj anro dlo sale zile Latòti

188
0
Share:
TRiboLAND

Zile , Ayiti____(TRiboLAND) Plizyè sitwayen ap kesyone pou ki yès peyi Dayiti ye, aprè ke yon idravyon ameri anro dlo sale Zile Latòti, maten dimanch 27 avril 2025 lan. Enfòmasyon ki arive jwenn TRiboLAND fè eta de yon delegasyon, majorite etranje blan vèt te kite aparèy la e anbake nan yon ti chaloup pou al eksplore plizyè rejyon sou zile a.

Sepandan li te difisil pou detekte destinasyon espesifik vizitè sa yo ki pat menm genyen yon reprezantan leta al kesyone prezans idravyon an ki te rete ap tann delegasyon an nan mitan jounen an. Nou vle sinyale, ta sanble kamera jouda kèk sitwayen nan lokalite Maye, pat manke pran plizyè sekans vidéo aparèy la, patikilyèman pilòt la ki te rete abò pou yon seri manèv teknik.

Rezidan yo sou zile a, mande Leta ayisyen esplikasyon e sa kap fèt? Eske yo pa genyen dwà pou yo konnen ki motif ak kòt maltaye ki dèyè yon parèy evenman ki fèt bwit sou kou e san lizaj ak derespektan sou moso tè Desalinn nan, ki rele yo chèmèt chèmètrès?

Eske li pa yon opòtinite pou swadizan gouvènman ayisyen an bay popilasyon an esplikasyon sou posiblite yon kontra fèmaj zile Latòti avèk yon fanmiy milyonè amerikèn nan Eta Texas, yon kòt maltaye ou yon gaj ki genyen anpil pou wè avèk gouvènman Papa Dòk la?

Share:

Leave a reply