Twonson Wout Pòdpè – Senlwidinò se yon veritab lanfè pou sitwàyen yo

2,437

06-21-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Menm si ou ta chèche elu Nòdwès yo e poze yo kesyon sou eta delabreman ak detrès kondisyon twonson wout Pòdpè – Senlwidinò, se sèten ou pa tap jwen repons, sitou nan men sa yo (senatè, depite, majistra, enjenyè) ki fè yon katafal fòtin sou do depatman Nòdwès la.

Twonson Wout Ba Nòdwès — Pòdpè – Senlwidinò se yon veritab kalamite ak mizèrere pasajè yo nan Nòdwès ap fè fas chak jou ki jou. Sèten pasajè ta menm deklare ke yo ta prefere fè Senlwidinò – Obògn – Gonaiv pou rive Pòdpè tèlman pa genyen wout ki egziste ant Pòdpè e Senlwidinò.

Alòske, swadizan enjenyè ou dirèktè TPTC foto kopi ki nan depatman an pa fè santi prezans li menm nan fè yon minimòm. Kèk Azek arive konfye TRiboLAND, ke ekipman TPTC nan depatman an pa pou depatman an. Anpil fwà bwàt leta sa, egzije yo lajan gaz pou yon seri sèvis piblik ou kominotè ki se responsablite leta a; sepandan, menm enstitisyon sa ki resevwà yon kantite gaz bò kote leta a, chwazi fè wout krochi avè l nan fè pas bay ti zanmi ak makrèl plizyè droum oubyen galon gaz ki te dwe fè travay popilasyon an. TPTC ap vann sèvis li atravè depatman an!

Konsa, genyen anpil difikilte pou kèk dirijan lokal ou notab prononse yo sou inekzistans TPTC ki se yon enstitisyon menm jan ak Agrikilti e Anviwonnman kap pase moun anba betiz nan depatman Nòdwès la. Pa janm genyen oken odit serye ki supèvize sa direksyon depatmantal bwàt fantòm sa yo ofwi popilasyon an kòm sèvis oubyen travay. Okontrè yo plis fò nan fèmen bouch yon ti ponyen sitwàyen, notab ak medya iresponsab ak yon seri ti jès delwàyàl. Se konsa, tout direksyon depatmantal sa yo santi yo trè konfòtab, yap touche lajan leta, gaspiye gaz ak machinn leta e pa bay popilasyon Nòdwès la regle anyen pou yo.

E se men kad figi a pou majorite elu nan depatman an, ki achte yon seri moun ou medya kle e fè yon seri ti jès delwàyàl sou baz pèsonèl, yon fason pou yo fèmen zye yo sou zak ilisit, vòl, politik sal, kòripsyon, detounman finansyè ak tout sa ki debouse pou travay Nòdwès. Avèk ki kouraj ou byen jechèch pou otorite piyajè sa yo ap fèmen je yo sou doulè ak mizèrere moun ki te asèpte kanpe nan flanm solèy ou lapli vote pou yo!

Gade ki sa ki rele wout nan yon depatman ki genyen: TPTC, otorite lokal, senatè e depite! Sèvis transpò enpratikab sout wout ki relye Pòdpè – Senlwidinò. Sa pa genyen lontan yon liyn machinn bloke pandan plizyè edtan akoz gro trou, labou, dlo ki afèkte chak kontre. Kèk fwa, pasajè yo oblije pran apye! Se yon imaj ki totalman diferan de nenpòt ki lòt depatman, kote otorite yo ofri yon ti minimum respè pou bare je popilasyon yo.

Yon pakèt enstitisyon etatik kidnape nan Nòdwès; menm pitit Nòdwès pa sispan deplimen l e fè fòtinn sou tèt li san anbarasman. Yo pap travay pou popilasyon an, men yo plis antre nan yon lojik bwase, demagòg, touche chèk chak mwa ak fè vye tranzaksyon louch pou rete sou pouvwà malgre enkapasite yo.

Nòdwès te genyen chans goute ki sa ki te rele TPTC, sèlman lè defen prezidan Jovenel Moise te vivan!

Comments are closed.