Yon bandi apèn tonbe anba bal yon ajan UDMO nan vil Pòdpè.

Bèstenn Granblak, se non yon bandi ki tap opere nan lokalite Wonpwen, nan vil Pòdpè ki apèn tonbe aswè dimanch 9 jiyè 2023 a.
07-09-2023
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Yon bandi ki tap opere sou non, Best Ten Gran Black, tonbe anba kout zam yon ajan UDMO, ki pote non Majuste, nan vil Pòdpè, patikilyèman nan zòn Wonpwen.
Dapwè enfòmasyon nou arive rekeyi bò kote popilasyon an, yo fè konnen, bandi Best Ten Gran Black, te konn abitye fè gwo dyèl nan troke kout zam ak lapolis aprè li te fin pase yon bon bout tan nan prizon sivil Pòdpè a.
Nan moman nap pale la, Best Ten Gran Black, mache pòs li, li pran devan pandan li menm li nan pye verite e nou menm nou nan manti.






