Popilasyon Kanapevè a pase alenfinitif ak Pè Lebrun 14 prezime bandi sangwen, divès zam ak minisyon arive konfiske

1,542

04-24-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Daprè yon nòt ke enstitisyon polisyè atravè Sant Ransèyman ak Operasyon mete deyò, fè konnen yo okouran endividi ame nan zòn Kanapevè; konsa li konfime lanmò 14 prezime bandi sangwen ak plizyè zam ak minisyon ki konfiske.

Enfòmasyon lapolis yo, konfime nan moman fouy sou yon ti otobis ki te chaje ak nèg ame sangwen, kote ke lapolis arive konfiske yon latriye zam ak divès lòt materyèl; alòske popilasyon an te arive rape yon bon ponyen bandi nan men lapolis e pase yo alenfinitif ak Pè Lebrun, byen bonè lendi 24 avril 2023 a, yon sitiyasyon ki ta pral kreye anpil tansyon nan kapital la.

Nan konferans lapolis la, responsab yo konfime egalman lanmò chèf gang sangwen Carlo Petit-Homme alyas “Ti Makak”, ki komèt yon pakèt krim sou polisyon ayisyèn nan, patikilyèman nan zòn Laboul ak Tomasen, ann komin Petyonvil.



Comments are closed.