Ayiti-Japon Koperasyon: don 6.3 milyon dola vèt atravè PNUD pou 2 projè nan Nip

913

Pòtoprens, Ayiti___(TRiboLAND) Peyi Japon ap miltipliye bwàs pou bay 2 projè jarèt nan Sid peyi Dayiti, daprè PNUD anndan peyi Dayiti.

Se yon don ki estime 6.3 milyons dola blan meriken. Li antre nan kad program èd ki pa ranbousab ke Japon akòde Ayiti atravè Program Masyonzini pou Devlopman (PNUD).

Magogo sa, pral egzekite sou 2 projè: premye a se reparasyon tout sant medikal yo ki te fwape anba gro groudou groudou 14 dawou 2021 an ki te demantibile tout penensil sid la. Dezyèm projè gen pou wè avèk reparasyon yon seri pòs polis nan depatman Nip lan ki te afekte anba aktivite latè tranble yo.

Comments are closed.