Elèv Lise Roseline Vaval nan Vyalè 1è seksyon kominal Tigwav manifeste, epi bloke Wout Nasyonal # 2 a.

788

04-24-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Elèv Lise nan Vyalè 1è seksyon kominal Tigwav manifeste ,bloke Wout Nasyonal # 2 a, pandan plizyè èd tan kote machin pa moute, machin pa desanm jodi lendi 24 Avril 2023 a. Objektif yon parèy pwotestasyon, se pou egzjije prezans pwofesè nan sal klas yo.

Elèv Lise Roseline Vaval yo, ki montre trè kritik kont anseyan yo, yo konsidere kòm mechan, kap touche chèk yo chak mwa alòske yo fè 2 mwa yo pa mete pwent pye yo nan sal klas yo.

Liseyen yo ki presize, yo rantre lekòl nan mwa janvye e yo pa menm fè 2 bon semèn travay; pwofesè rantre nan grèv, sepandan yo pral sibi egzamen ofisyèl menm jan ak tout lòt elèv nan peyi a.

Nap fè remake, se pa sèlman Lise Roseline Vaval kap manifeste pou egzije prezans pwofesè nan sal klas yo, se menm sitiyasyon kap devlope nan Lise Fosten Soulouk Tigwav, kote tout aktivite eskolè yo paralize pou lendi 24 avril 2023 a.

Comments are closed.