Akoz pwoblèm batri Santwal rezo enèji solèy ak ewolyènn nan komin lèziwa pa fonksyone.

1,203

04-22-2023

Lèziwa, Ayiti___(TRiboLAND) Selon temwanyaj abitan yo nan komin Lèziwa depi apwè lanmmò trajik prezidan Jovenel Moise, otorite yo nan pouvwa a deside volontèman pou santwal enèji solèy ak ewolyènn lan nan komin Lèziwa pa pwodwi kouran ke yo te konn vann ak moun nan komin nan.

Selon majistra Dupalis Rosemanie ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, deklare se yon pwoblèm batri Santral la genyen tou senpleman ki lakoz li pa fonksyonèl pou li pwodwi plis pase 50 kilowat.

Majistra Dupalis Romanie ki fè yon sèl ak popilasyon Iwazyènn lan, deklare bay mesye dam yo ki sou pouvwa PHTK a, “se pa paske se yon zèv prezidan Jovenel Moise, ki pou pèmèt sèvis santral enèji renouvlab la diskontinye pou popilasyon an”. Alòske, popilasyon Lèziwa, sou Jovenel te toujou fè sakrifis pou li peye sèvis la nòmalman, ki tap rapòte Leta a.

E nap raple, nan objektif pou montre mechanste yo, dirijan sangwen aktyèl ayisyen yo, chwazi pa rann fonksyonèl yon latriye pwojè atravè peyi a ke Jovenel te acheve. Egzanp, nan ka Lèziwa, gouvènman vwayou a, ki te popilasyon an san kouran pou tèt batri ki te supoze alimante sistèm enèji renouvlab yo. E ki sa ki pase Santral elektrik Pòdpè a ak Kafou a?

Comments are closed.