Aksidan sikilasyon nan Tigwav: plizyè mò ak yon latriye blese nan lokalite Kafou Mawoz.

51
0
Share:
TRiboLAND

04-22-2023

Tigwav, Ayiti____(TRiboLAND) Plizyè moun pèdi lavi yo nan yon aksidan sikilasyon nan komin Tigwav jodi samdi 22 avril 2023 a, nan lokalite “Kafou Mawoz”.

Selon temwen ak otorite Lakwa Wouj ak pwoteksyon sivil ki tap fè anpil bwas pou pote lamenfòt bay anpil nan moun ki blese yo, konfime bay TRiboLAND ke genyen plizyè moun ki mouri pandan ke yo arive fè manèv pou transpòte krabinen yo nan yon sant sante ki toupre a.

Aksidan arive fèt nan moman yon otobis chic yo ki antre an kolizyon ak yon gro kamyon ki tap pran direksyon Pòtoprens sou wout Nasyonal numewo 2 a.

Share:

Leave a reply