Yon jèn aktivis politik nan Nòdwès mande ak gouvènman defakto Ariel Henry a, mete sit DELIDOC la disponib pou moun Nòdwès.

894

Li pa posib pou yon sèl biwo imigrasyon ap sèvi 11 komin nan depatman Nòdwès, epi pou yo pa jwenn aksè ak sit DELIDOC la, se kri Jean Wislet Joseph, jèn aktivis Nòdwès la.

04-22-23

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Abitan yo nan depatman Nòdwès la, kontinye ap monte yon ma-swife, nan kouri monte desann pou retire yon paspò, kise yon pyès idantite. Nan lide pou wè sa chanje, Jean Wislet Joseph, jèn aktivis politik nan Nòdwès, fè konnen, li se premye jèn ki te pwopoze gouvènman defakto Ariel Henry a, yon sit entènèt kap pèmèt popilasyon an retire paspò yo fasil, sou tout 10 depatman jewografik peyi Dayiti.

Mekontan kont metòd gouvènman an, ki pa bay aksè ak divès lòt depatman pou rantre sou sit DELIDOC la, jèn aktivis politik la, mande ak gouvènman 3èm vèsyon PHTK a (moun tèt san cheve yo), mete sit DELIDOC la disponib pou moun Nòdwès, epi enplantasyon yon lòt biwo san pèdi tan, paske Nòdwès genyen sèlman yon inik biwo imigrasyon kap desèvi anviwon 11 komin.

Plede anfavè yon veritab trètman imanitè, Jean Wislet Joseph, fè konnen si tout fwa moun Nòdwès gen yon lòt biwo, mete sou aksè sit DELIDOC la, yo pap pran gwo bouskilad nan men Lapolis devan imigrasyon, konsa tou, yap sispann peye 100 mil goud pou yon paspò.

Comments are closed.