Yon krèy avoka atravè peyi Dayiti manifeste pou mande jistis pou Me Dorval e lonje dwàt jouda sou Jovenel Moise kòm otè entèlèktyèl asasinay la

417

09\03\2020

Pòtoprens____(TRiboLand) Yon krèy avoka atravè peyi Dayiti pran lari tou de nwa tòj men longè pou denonse zak asasinay yon Gran Toryan Lajistis, batonye Pòtoprens lan, Me Monferrier Dorval sèmèn pase anwo.

Batonye Lòd Avoka nan diferan vil atravè peyi a tankou Pòdpè, Pòtoprens, Kafou, Ba Plato Santral, Tigwàv, Grandans, Okay, Gonaiv, Miragwànn, Kwa Dèboukè, Sen Mak pou nou site sa yo sèlman. Se yon veritab vag protestasyon kont moun kap dirijan karavann lanmò a kap miltipliye masak atravè peyi a. Avoka ki genyen vokasyon pou promote “Lajistis” ap mande jistis fas yon gouvènman kap detwi prop sitwayen’l.

Gen nan manifestan yo ki tap chante “Jovenel se ou ki touye Dorval”. Antouka, kominote batonye lòd avoka atravè peyi a, deklare ke yo apènn kòmanse mobilize pou reklame jistis bò kote yon gouvènman ki deja montre tèt li sispèk nan krim kap fèt anndan peyi a.

Comments are closed.