Samir Handal : youn nan pwezime asasen pwezidan Jovenel Moise yo jwen arestasyon nan peyi Laturki

3,008

11/15/2021

Istanboul______(TRiboLAND) Otorite laturki yo mete men nan gagann Samir Handal, yo pwezume asasen ke otorite ayisyèn yo tap chèche kòm materyo ou pyès enpòtan nan asasinay pwezidan Jovenel Moise lakay li nan Pèleren 5, nan lanwit 8 pou rive 7 jiyè 2021 an.

Samir Handal ki se yo gwo businessman ayisyen ki te genyen yo “manda pote vini” dèyèl nan kad krim nasyonal la, jwen arestasyon li nan moman li te apènn mete pye li nan yon ayewopò entènasyonal peyi Laturki, dapwè otorite diplomat tuk yo.

Antouka, otorite ayisyèn yo ki tap chèche Handal tankou tèt sèk ki bezwen lapli, deja antame pwosesis ekstradisyon ou negosyasyon transfè pwezime asasenan an ki pami yon pakèt lòt asasen ki anlve lavi chèf deta ayisyen an, Jovenel Moise.

Comments are closed.