Yon milyadè Vetnamyèn kondane pou li pase tout tan l nan prizon pou tèt kòripsyon.

914

04 – 12 – 2024

Anòy, Vietnam____(TRiboLAND) Trung My Lan, yon milyadè vetnamyèn kondane pou li pase tout rès vi li nan prizon pou tèt li ta gagote plis pase 44 milya dola vèt kou powo.

Nan kad pwosè sa a, anviwon 2700 moun deja konvoke pou reponn kesyon lajistis, e majorite nan yo deja plede koupab.

4 nan yo deja kondane pou pase tout rès vi yo nan prizon, san konte divès lòt k ap pare pou pase 17 jiska 20 lane dèyè bawo. Pami sila yo ki kondane a, enfòmasyon yo fè kwè, mari ak nyès Trung My Lan genyen pou pase respektivman 9 ak 17 lane dèyè bawo.

Pandan nan divès lòt peyi nan mond lan moun k ap gagote lajan Leta, sa vle di, koriptè ak kòwonpi ap kwoupi dèyè bawo, alòske isit nan peyi Dayiti se tapi wouj ak pri Nobel yap bay senatè, depite, minis, Pwemye minis, sekrete jeneral, direktè ak pwezidan dwèt long.

Comments are closed.