Grandans Edikasyon: Seyans fòmasyon sou konsyantizasyon problèm nan sistèm edikatif la

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Fas ak diferan pwoblèm sistèm edikatif la ap sibi nan Jeremi ak nan rès komin depatman Grandans lan, direksyon depatmantal ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl Grandans ak sipò teknik e finansman Òganizasyon Nasyon Zini pou Edikasyon ak Kilti, reyalize yon jounen atelye fòmasyon, sou tèm : Revizyon sektoryèl konjwent ledikasyon an Ayiti.
Divès enspektè distri eskòlè ki te patisipe nan bwase lide yo, pwomèt pou pwan konsyans sou mouvman fonksyonman sistèm lan ke yo kontribye ladan l tou, e bay garanti yo pwal pwan tout mezi disiplinè, selon lwa pou fasilite bònn mach sistèm lan ki genyen anpil koripsyon ak foulay.






