SOS, SOS, pou moun Lenbe : Plizyè kriminèl Jamayiken ki t’ap fè zak malonèt nan Pwovo, kache kò yo nan Lenbe sou konplisite majistra komin nan.

824


04 – 25 – 2024

Lenbe, Ayiti__(TRiboLAND) Komin Lenbe sou alèt gang etranje. Plizyè Jamayiken ki t’ap fè zak malonèt nan zòn Pwovo, sove ak yon chaloup pou vin kache kò yo nan komin Lenbe sou konplisite majistra komin nan.

Enfòmasyon jounalis T Carry Maître Vocal pataje ak korespondan TRiboLAND yo fè kwè, seri Jamayiken sa yo al plante pikèt yo kole kole ak kay majistra komin nan, yon lokalite ki pote non “Seminè”. Sa ki ta lakòz olye majistra denonse etranje yo, li oblije rantre nan konplisite ak yo.

Sa ki plis grav la, dapwè sa jounalis la rapòte, malgre ajan PNH yo nan tèt kole ak yon jij depè nan komin nan t’al mennen yon operasyon pou sènen kriminèl yo, sa pa anpeche majistra a fè bann Jamayiken sa yo pran pye mòn pou yo.

Nan moman nap pale la, ekip Jamayiken sa yo ke anpil moun idantifye kòm pwofesyonèl nan zafè krim, gaye nan lanate, alòske pèsòn pa gen enfòmasyon sou kote yo refije yo.

Comments are closed.