Dewoulman egzamen 9èm ane fondamantal demare atravè depatman Grandans lan.

504
0
Share:
TRiboLAND

Grandans- Ayiti (TRiboLAND) Selon kòdonatè depatmantal fondamantal egzamen leta a pou depatman Grandans lan , pwofesè Jean Ariel Jeacinthe, sòti jodi lendi 30 pou bout 3 jiyè 2025 lan, dewoulman egzamen ofisyèl nevyèm ane fondamantal kòmanse nan katòz komin depatman Grandans lan.

Egzamen ofisyèl sila, ap gengen swasant sèt mil sèt san senkant kandida kap sibi evalyasyon pou ane akademik 2024- 2025 lan. Dewoulman yo repati an 8 syèj ak 32 sant egzamen pou 14 komin nan depatman Grandans lan.

Kòm konsyi, kòdonatè Jeacinthe bay entèdiksyon sou itilizasyon telefòn ak zam nan syèj ak sant egzamen yo. Kidonk, pandan dewoulman ekzamen yo, pèsonn pa otorize pou vinn konpoze pou lòt candida. Reprezantan ministè a ap prezan nan syèj ak sant egzamen yo, nan objektif pou garanti bon dewoulman eprèv evalyasyon yo.

Share:

Leave a reply