Moun nan popilasyon zòn Sous Matla kouri kite kay yo akoz vyolans gang sangwen Village de Dieu.

957

04-20-2023

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Enviwon 20 moun mouri, pami yo plizyè tibebe soti yè aprè midi mèkredi 19 avril pou rive jedi 20 avril 2023 a. Se bilan pwovizwa nan kad yon masak bandi ak gwo zam nan Village de Dieu al fè sou popilasyon nan sous Matla.

Sitiyasyon sa a, lakoz tout moun kap viv nan zòn nan lokalite ap kouri kite lakay yo, yon fason pou yo al pran refij yo nan lòt kote. Selon enfòmasyon ki disponib, genyen moun ki pran bal ki mouri; genyen lòt ki resevwa bal, men ki nan yon eta kritik, sepandan ki kache anndan lakay yo ak tout mò yo ki paka soti al pran swen ka yo nesite.

Abitan yo nan zòn Sous Matla ki pa mete dlo nan bouch, kritike lapolis ak lòt otorite konsène yo ki jouk nan moman nap pale la a, pa ko mete pwent pye yo nan kanton kote masak gang yo ap miltipliye.

Nap siyale, nan menm jounen yè mèkredi 19 avril la, nèg ak zam atake prizon sivil fanm yo nan Kabarè, bilan yon polisye soti blese, men pa gen moun ki rive sove nan prizon an, daprè direktè Penitansye nasyonal la nan Pòtoprens.

Comments are closed.