Madam Romène Pierre ki se repwezantan (KNVA) pou depatman grandans lan, denonse zak ensekirite kap fét sou sektè vodou an.

1,042

04 -23-2023

Grandans, Ayiti___(TRiboLAND) Madam Rosemène Pierre, ki se kòdonatris depatmantal Konsèy Nasyonal Vodwizan Ayisyen (KNVA) pou depatman grandans lan, denonse zak kriminèl ki souvan fèt sou sektè vodou a atravè diferan komin depatman grandans lan.

Kodonatris lan pwan kòm ekzamp: zak asasinay ki fèt nan lannwit 17 pou louvwi 18 avwil 2023 a, nan komin Dam Mari, zòn Montanyak, kote ke Manbo Nadine Fortune alyas “Manman Lavi” ki asasinen ak lòt manm nan fanmiy li, kòm kwa li ta genyen bandi ki vinn pwan pwen dedouble lakay li.

Kòdonatris (KNVA ) a pou depatman Grandans lan, mande otorite konsène yo pou fè limyè sou masak sila, ki fèt nan komin Dam Mari a, yon fason pou ti rès fanmiy Manbo a, jwenn moso jistis.

Comments are closed.