Nòdwès : Polis Nasyonal Dayiti (PNH) fete egzistans li.

459

06/12/2021

Pòdpè _____(TRiboLAND) 12 jwen 1995, 12 jwen 2021 fè Polis Nasyonal la 26 lane sou zo bwa tèt li. Nan okazyon an, yon mès pou di Granmèt la mèsi te rive chante byen bonè maten samdi 12 jwen an anndan katedràl Imakile Konsepsyon, Pòdepè a, anprezans plizyè enstans nan Leta a, tankou lapolis, lajistis, direksyon sèvis dekonsantre yo …pou n site sa yo sèlman.

Prensipal selebran, nan omeli sikonstans lan, Rév. Père Georges Athis. Li t ap adrese l ak polisye yo, e fè yo konnen, djòb yo se “Pwoteje ak Sèvi”.

Men lè lavi yo andanje, yo dwe pwoteje tèt yo dabò avan tout bagay. Polisye a se moun li ye, li kapab aplike sa yo rele lejitim defans. Lwa Kòd Penal Ayisyen an rekonèt sa, nan atik 273/ 274, selon prèt Katolik la, Rév. père Georges Athis ki t ap depoze e ki mande pou polisye yo aplike etik yo tout kote yo pase ki se yon dwa answuit yon devwa.

Kanta nimewo 1 polis Nòdwès la, Enspektè divizyonè, Daniel Compère; pou li menm, li rekonèt sa k ap travèse polisye yo nan jou sa yo. Fòk polisye yo pa kite dekourajman anvayi yo. Se pou yo toujou akonpanye popilasyon an pwiske deviz yo se “Pwoteje ak Sèvi”.

Fòk nou raple se yon 26è anivèsè polisye yo ap selebwe nan kè sere ak lapenn, kote bandi touye anpil nan frèdàm yo nan dènye jou sa.

Comments are closed.