Pòt pawòl PNH Nòdwès la prezante bay laprès bilan pasyèl yo pou ane 2023 a.

898

01 – 05 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès jounen jedi 04 janvye 2023 a, pòt pawòl PNH branch Nòdwès la, enspektè Leonel Joseph, prezante bay gran piblik la bilan pasyèl yo pou ane pase a.

Anviwon 1125 moun jwenn arestasyon yo, 296 arete nan kad flagrans, 33 gang mare kou krab e prezante tèt yo bay lajistis, 27 lòt blese mòtèlman, san konte plis pase 17 zam ilegal ajan PNH Nòdwès yo sezi, se bilan pasyèl direksyon depatmantal Polis branch Nòdwès la.

Nan sans sa a, pòt pawòl Polis branch Nòdwès la, enspektè Leonel Joseph fè konnen, yo reafime angajman yo pou bay popilasyon an sekirite diran ane 2024 la.

Comments are closed.