Nan objektif pou chanje figi simetyè Senlwidinò a, Konsèy Minisipal la ap òganize yon kanpay resansman.

932

04-18-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan lide pou pote yon bonjan amelyorasyon nan simetyè prensipal la, meri Senlwidinò a lanse yon kanpay resansman pou kapab rezou plizyè pwoblèm nan simetyè a.

Selon enspektè Frederic, genyen anpil ka ki konn rive akoz absans yon kontwòl sere nan simityè a. Pou responsab yo, gen kav ki merite repare, gen moun ki menm bliye kote kav yo ye e yo oblije antere mò nan kav vwazen, e antretyen pou dènye repo nanm yo menm se pa pale.

Konsa, avèk nouvo pèspèktif sa a, meri a pral bay chak pwopriyetè kav yo yon nimewo kap plake nan kav la pou anpeche anbouteyaj. Nimewo sa ap koresponn ak nimewo ki nan rejis papye tenbre kav la. Konsa, tout moun ap konnen ki kote kav yo ye.

Minisipal la, pral egzije pwopriyetè kav yo prosede ak preparasyon kav yo; kenbe mentnans nan simetyè a pou rann travay la pi efikas. Yon pral divize kav yo epi pentire ak koulè penti ki reponn ak zòn kote kav la trouve’l la, yon fason pou fasilite aksesibilite

Toujou nan yon parèy inisyativ, lameri Senlwidinò mande tout pwopriyetè kav yo, pase nan meri a pou anrejistre kav yo, answit reponn ak egzijans lokal yo pou chanje eskanp figi simetyè a. Deja meri a fè konfeksyone 2 gro baryè ak tout plak ki gen nimewo ki pral nan kav yo, pou evite anbouteyaj ak tout kalite pwoblèm nou sot site la yo.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.