Plizyè òganizasyon debaz 3èm seksyon Dègranj mete men ansanm pou fè wout pou moto siklèt rantre nan wo seksyon an.

823

04 – 13 – 2024

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Nan objektif pou amelyore pwoblèm enfrastrikti e fasilite sikilasyon nan wo 3èm seksyon Dègranj, plizyè òganizasyon debaz mete men ansanm pou fè siklèt kapab rive nan wo seksyon an.

Popilasyon an ki pat janm gen chans pou vwayaje menm sou bourik gen posibilite rantre lakay yo ak yon moto siklèt gras ak travay òganizasyon sa yo ki se: ODS, Tèt Ansanm ak TK pou nou site sa yo sèlman.

Jounen samdi 13 avril 2024 la, yo mete pikèt yo nan plizè zòn pou yo kapab rive pi vit. Yon lòt kote yo fè konnen, se ak fòs ponyèt yo epi patisipasyon manm yo, yo rive reyalize tout travay sa yo.

Dirijan yo mande responsab yo nan leta koupyon an pou akonpanye yo paske yo peye taks tankou tout moun nan peyi a. Yo mande konkou majistra, kazèk ak azèk yo nan seksyon an, alòske pyès moun pa reponn yo.

Yo deside travay ak zong yo jiskaske motosiklèt rive lakay yo, pou si ta gen yon ijans yo kapab gen aksè pou sove vi moun ki nan difikilte a.

Comments are closed.