Plizyè sitwayen nan komin Sen-Lwidinò mekontan kont ajan egzekitif enterimè Mèri a ki pran plezi vann tè mache Rivyè Dèba a ak patikilye.

848

02 – 26 – 24

Sen-Lwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Plizyè sitwayèn ak sitwayen move kou kong kont desizyon gwo ponyèt ajan egzekitif enterimè Mèri Sen-Lwidinò a, Gaston Estima, ki fin vann majorite espas nan mache piblik Rivyè Dèba a ak patikilye pou yo konstwi rezidans yo.

Enfòmasyon Topvens Info News, rive pibliye sou kont Facebook li ta fè kwè, nan dènye moman sa yo Rivyè Dèba prèske fin privatize e prèske pa gen kote ankò pou abitan k ap sòti nan zòn anviwonant yo vin lote ti grenn penitans yo.

Mekontan kont yon latriye desizyon malatchong, plizyè sitwayen ki t ap entèveni raple ajan egzekitif enterimè komin Sen-Lwidinò a, ke mache Rivyè Dèba a ede anpil fanmiy, ede pitit yo, swa nan bay manje, peye lekòl, lopital ak divès lòt bezwen ankò.

Enfòme ajan egzekitif enterimè a Gaston Estima sou yon evantyèl klas asosyal ak chomaj ke desizyon sa yo ka kreye, sitwayen yo mande pou ajan egzekitif enterimè a fè bak sou desizyon sa yo paske pita ka vin plis tris.

Comments are closed.