Guerby Geffrard finalman trepase apwè ke li te resevwa plisyè katouch apwè midi madi 29 jwen 2021 an

616

06/29/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Apwè bandi sangwen sou motosikl`et te atake l yon lòt fwà ankò jodi madi apwè midi 29 jwen 2021 an nan Delma 32, Guerby Geffrard, pòt pawòl SPNH-17 la, finalman mouri nan yon lopital nan kapital anba move eta blesu pwojektil ke li te resevwa anba men bandi sangwen ki te toujou ap menase l yo.

Yon pòt pawòl SPNH-17 la, Domond Saint-Cyr ki konfime lanmò viktim nan dapwè sa medsen yo te rapòte li.

Nou di fanmiy ak SPNH-17 la pran kouraj e kondòleyans. Ke nanm vanyan gason sa repoze anpè e ke espwi li kontinye vizite e toumante lavi sa yo ki retire lavi li avan lè e kite yon pakèt fanmiy nan yon soufwans etènèl!

Enel Richard

Comments are closed.