Nan yon operasyon mare djòl, lapolis arive mete men nan pat kasav yon gang baka ‘Viv Ansanm” ki rele Junior Pierre alyas “Djòl”

Pò Salu, Sid Dayiti______(TRiboLAND) Nan yon operasyon jarèt tranble, Polis Nasyonal Dayiti pwosede ak arestasyon Junior Pierre, alyas “Djòl” nan zòn bòdmè Pò Salu, depatman Sid. Yon bagay ke chèf lòd yo tap chèche anlè, yo jwen li atè! “Djòl”, selon otorite yo ta sanble nan danse kole avè òganizasyon teworis “Viv Ansanm”. Se yon eleman ki ekstrèmeman danje, selon nòt lapolis la ki konfime se yon gro pwason ke yo arive fouke; yo tap chèche’l tankou peyn tidan.
Daprè sa ki rapòte, “Djòl” te genyen yon latriye manda “trennen pote vini” ki te lanse dèyè li pou vòl men ame, aktivite kriminèl ak asosyasyon malfektè atravè òganizasyon kap teworize popilasyon ayisyèn nan atravè peyi Dayiti.
Kout sènay ki arive poze lapat sou “Djòl”, ki se yon gang baka “Viv Ansanm”, pat yon ti bagay senp. Enfòmasyon yo fè konnen, se plizyè antite nan direksyon depatmantal polis Sid la, ki arive pran “Djòl” nan djòl atravè yon ansanm ransèyman djanm ki te fasilite loakalizasyon kriminèl danjere a.
Yon sous polisyè, ta fè konnen ke responsab yo nan lapolis eksprime yon bonjan sans satisfaksyon, pou taktik ak ladrès ki te deplwàye nan kad sène ak mete do “Djòl” atè.






