Nou pa ka fè lapè ak moun, si nou pa fè lapè ak pwòp tèt nou.

291
0
Share:
TRiboLAND

01-01-2022

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Chak premye janvye, legliz Katolik toujou chante yon mès ki genyen plizyè sinifikasyon. Premyèman, pou legliz la, se dat Manman Mari; dezyèmman se premye jou ki kòmanse nouvo ane a; twazyèmman se fèt endepandans peyi Dayiti.

Nan omeli Monseyè Charles Peters Barthélus fè nan okasyon an, li ensiste sou la pè. “Si nou pa fè la pè ak tèt nou, nou pap ka fè lapè ak pèsòn. Peyia swaf “Tèt Ansanm”, peyia “Swaf Sekirite”, li “Swaf Solidarite youn ak lòt”, li “Swaf pou tout moun viv byen pou vwayaje san kè sote konsa lè-n soti nap gen asirans ke nap antre”, daprè monsenyè Barthélus ki tap depoze.

Lidè eklezyastik la rapouswiv pou’l di: peyia “Swa pou nou sispann viv nan fatra”, li “Swaf pou jèn yo jwenn travay”, li Swaf pou gang yo depoze zam (sispann vyole, vòlè, kidnape, asasinen, sispann fè pòv malere abi), ”Swaf pou nou sispann viv nan mitan asasen”, “Swaf pou nou gen bon jan lopital pou nou jwenn swen; se mòd lapè sa nou bezwen nan depatman Nòdwès la, ak tout peyia.

Nou tout ta renmen viv nan lapè, men nou pa ka fè lapè si youn ap dechire lòt. Nou pa ka fè lapè ak moun, si nou pa anpè ak nou menm. Lapè nou bezwen an pa ka fèt nan tire manchèt, nan tire kout zam. Chak premye janvye nou toujou gen yon seri bon swè ak moun ki bò kote nou, men nou dwe gade èske se pa nou ki enpeche moun yo viv swè sa yo. 

Monseyè Barthélus fini pou di, si nou gen lapè BonDye nan nou, nou ka travay pou-n kreye kondisyon pou-n gen lapè lakay nou, nan vi nou, nan depatman nou, ak nan peyi nou. Lè nou vle, nou kapab. Bòn e erez ane 2023!

Share:

Leave a reply