Premye jounen mouvman grèv pwofesè lekòl piblik yo nan depatman Grandans lan respekte a pwèske 100%.

966

04-18-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Jodi madi 18 avril 2023 a, li te nan lè 11zè nan maten, majorité lekol piblik TRiboLAND vizite, konsta yo montre ke pwofesé lekòl piblik yo pat pwezan nan klas yo.

Yon absans ki motive, swit a modòd grèv Sendika Anseyan yo te lanse sou tout depatman Grandans lan apati rezolisyon tèt kole ansanm manm Sendika Anseyan yo tankou UNOH, CNEH, e FAEGA te anonse.

Grevis yo ki detèmine pou yo vanse ak mouvman an jous mayi mi, vize pou fòse ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl reponn revandikasyon yo ki se: ajiteman gril salaryèl la anfonksyon ak chète lavi a, ti kat debi a, bonjan asirans, pèyman pwofesè ki dwe fèt menm lè ak lapolis la.

Comments are closed.