Dispansè Pawas Notre Dame Mont Carmel fèmen pòt li nan Glasi Kouwo

802

07-05-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Selon diretkè pawas Notre Dame Mont Carmel la, Filoquès Petit Homme, dispansè a fèmen pòt li depi plizyè mwa akoz kriz ekonomik ak mete sou ensekirite generalize peyi a konnen depi yon bon bout tan.

Inik mis Renita ki tap travay nan dispansè a, vin touche ak yon pwoblèm sante l ki pa nòmal, okazyone dispansè ap fè fas avèk malmakak ekonomik mete sou defisi materyèl.

Popilasyon sa a kap soufri anba tout kalite maladi nan dènye tan sa yo, pa konn ki sen pou yo rele. Konsa, yo mande responsab yo voye yon yon enfimyè pou fasilite yon ti minimum sèvis; konsa, soufrans yo va soulaje.

Nap raple, chemen la sante se chenen lavi, tout moun gen dwa pou yo viv ansante kèlkeswa kote l twouve l nan peyi a.

Comments are closed.