Imigrasyon/Kòripsyon: Nan mwens ke 5 mwa yon kontraktyèl nan biwo imigrasyon branch Nòdwès la ap konstwi yon kay 2 etaj.

1,263

05-30-2023

Ajan imigrasyon yo nan Nòdwès ta sanble pa vin pou lapè, nan miltipliye fòtin sou do popilasyon Nòdwès la.

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan fouye zo nan kalalou, pou konnen kisa kap pase nan depatman Nòdwès la, sal redaksyon nouvèl TRiboLAND pa sispann resevwa yon pakèt volim viktim ak evidans tout kalite sou kòripsyon masiv nan biwo imigrasyon komin Pòdpè a.

Plizyè evidans ou prèv endiskitab ta montre ke genyen yon seri otorite nan imigrasyon kap miltipliye fòtinn e konstwi gwo bilding kay 2 etaj nan zòn “Nan Zèzè”, yon lokalite 3è seksyon Polen Lakòn, komin Pòdpè. Konstriksyon sa yo ta sanble yo rele chèmèt chèmètrès yon kontraktyèl nan biwo imigrasyon branch Nòdwès la.

Poze kesyon pou konnen, pou kiyès gwo bilding lan ye Nan Zèzè? Kèk sitwayen ki te sou plas fè konnen, se yon gran toryan kap koupe rache nan biwo imigrasyon Nòdwès la.

Konstriksyon bilding 2 etaj sa a, lage gwo wounou, wounou, nan mitan popilasyon an, e menm mande ak ajan ULCC yo dilijante yon ankèt prese, prese, sou orijin gwo bilding sila a. Yon enfòmasyon ki ta pral divilge egalman sou Radyo Televizyon Karaib, lòske yon Sibtiti komisè, Jeir Pierre tap mande maten madi 30 me 2023 a, konkou ULCC pou envèstige kòripsyon masiv nan zafè paspò nan Nòdwès la.

Li enpòtan pou ou konnen, dosye kòripsyon nan zafè paspò, mouye anpil moun kap voye pye tout kalite nan pran pozisyon pou pase chifon ou dewoute enòmite krim malere ap sibi anba yon rezo mafya ki genyen : jounalis, avoka, otorite sivil, polisye elatriye ki gen magogo kòb yap fè chak jou ki jou nan vil Pòdpè.

Comments are closed.