Gwadloup ap fè fas ak gwo ratman dlo

299

Gwadloup____(TRiboLAND) Anpil rezidans nan Gwadloup ap fè fas a gwo ratman dlo potab. Yon sitiyasyon ki revòlte anpil popilasyon an sitou nan moman difisil pandemi kovid-19 la.

Pou soulaje moun kap pran lanm anba ratman dlo sa, pwefè a rekizisyone plizyè operatè dlo pou twa mwa nan moman kovid-19 la, dapwè sa yon sous otoritè fè konnen ayè Madi 28 Avwil la.

“Desizyon sa kap touche yon pati nan ajan operatè yo ki gen tèritwa ki pi afekte yo; konsa, sa ap pèmèt retablisman yon ti minimòm sèvis dlo potab”, dapwè deklarasyon pwefè Gwadloup la, Philippe Gustin, atravè yon kourye li te fè sòti.

Sechrès mwa Avwil la ogmante karans dlo nan Gwadloup; sa konplike sèvis dlo kap fè fas ak anpil entèripsyon alòske otoritè sanitè yo rekòmande pou moun lave men yo plizyè fwa chak jou yon fason pou lute kont pwopagasyon kowonaviris la.

Comments are closed.