Gro pil fatra nan 4 kwen vil Jeremi rann sikilasyon pweske enposib.

827

04-16-2023

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Gro pil chato fatra nan pwèske tout ri nan Jeremi, selon sa moun kapab obsève ak temwayaj chofè taxi moto yo ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND deklare peripesi sa yo pèmèt lavi vinn pi difisil pou fè ti bwasaj ekonomik.

Pa genyen yon espas pou ke yo rete tann kliyan yo. Kanta kesyon pou yo sikile, sa konplètman difisil ,e pafwa yo fè konen machin rantre sou yo; akoz yo kanpe sou pil fatra yo, kliyan yo konn chwazi pa monte moto yo.

Fas a gro pil fatra, pil tè ki rann lavi anpil moun nan sosyete a enposib, tankou chofè taxi moto yo nan Jeremi kou nan kèk lòt komin depatman grandans lan, lavi fè nwa; se agoni total kapital!

Anpil moun ankouraje premye minis Doktè Ariel Henry, chanje ajan ekzekitif enterimè sa yo ak direktè travo piblik yo nan Jeremi, paske prezans yo nan bwàt leta yo, se yon disgras ou desepsyon.

Comments are closed.