Louis Edner Hyacinthe, se nouvo direktè PNH Grandans lan ki te deja voye anpil jilbwèt nan Nodwès

1,061

09-01-2023

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Mesye Louis Edner Hyacinthe, se nouvo direktè depatmantal, enstitisyon polis lan, ki ranplase aprèmidi 1e setanmb 2023 a, nan pozisyon sila a, Jean Louis Paul Menard, ki transfere nan depatman Latibonit.

Se direktè depatmantal Sid lan, Daniel Compère, nan non direktè jeneral polis nasyonal lan, Frantz Elbe, ki pwosede ak enstalasyon nouvo direktè a ki kite yon vye gou anmè nan bouch moun Nòdwès akoz fòtinn ke li ta sanble ap fè nan konfyolo ak group gang Ti Bwadòm ki tap fè depatman Nòdwès monte ma swife.

Nouvo direktè, depatmantal lan Louis Edner Hyacinthe, mande kolaborasyon tout sektè nan depatman an, yon fason pou rann travay polis la pote rezilta.

Hyacinthe ki tap kalewès nan Nòdwès te anba gwo tonton akizasyon kòm kòriptè ki ta sanble devlope bonjan ramifikasyon avèk gang Ti Bwadòm nan ransone, vyole, vòlè, kidnape e menm apovwi yon latriye malere ak komèsan kontenè.

Aprè tout deriv ak domaj Louis Edner Hyacinthe ke yo rele Papa Gang nan kèk milye nan Nòdwès peyi a, finn fè ekonomi Nòdwès la; atoufè kap bay gang tete nan Wo Kòmandman Polis peyi a, prefere transfere li san envèstigasyon, san pouswit ak dedomajman anfavè popilasyon Nòdwès la ke li finn apovwi nan konfyolo kòripsyon ak gang. Bònn chans depatman Grandans!

Comments are closed.