Lajistis peyi Dayiti konvoke ansyen minis edikasyon nasyonal la, Pierre Josué Agenor Cadet pou zak magogo wout kwochi

02 – 19 – 2025
Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Swit ak yon ankèt sou magogo lajan ki fè wout kwochi, Lajistis nan peyi Dayiti konvoke ansyen minis edikasyon nasyonal la, Pierre Josué Agénor Cadet pou jounen vandredi 21 fevriye 2025.
Nouvèl yo rapòte, se aprè ke yo te pwosede ak arestasyon ansyen kòdonatris Pwogram Nosyonal Kantinn nan, Phanèse R. Laguerre ke konvokasyon sila a pibliye. Antouka, rapò ULCC yo revele ke genyen yon total 382 milyon goud Lesko ki fè wout kwochi nan dekèsman pou kantinn eskolè. Paralèlman, genyen 250 milyon nan magogo sila ki fè wout kwochi nan mitan yon rezo founisè fantòm.
Kidonk, pwojektè ULCC a ap fè chemin li. Anpil sispèk gagotè ak reselè ta sanble pap epanye; patikilyèman sa yo ki tranpe nan yon parèy eskandal koripsyon ki mete pwogram lamanjay chovi malnouri yo ajenou.






