Ajan BSAP yo nan komin Senlwidinò efektye yon vizit nan mache Rivyèba pou sansibilize tout moun ki pèdi plas yo aprè gwo inondasyon an

128
0
Share:
TRiboLAND

04/29/2026

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan objektif pou sansibilize tout ti machann yo epi bay yo yon espas pou yo respire, ajan BSAP yo nan komin Senlwidinò fè yon vizit nan mache Rivyèba maten mèkredi 29 avril 2026 la.

Machann yo bat bravo la kontantman pou prezans BSAP, malgre danje anviwonnmantal yo toujou pandye sou tèt yo ki nan yon espas pwovizwa andedan rivyè a pou jiskaske lameri deside bay yon espas ki aksesib pou mache a loje.

Machann yo ki pat kache enpresyon yo pou mache a ki travèse rivyè a, mande responsab yo nan leta pou kontinye fè bongad nan mache a paske gen yon gwoup bandi nan Fon Rivyèba ki toujou vin fè resèt; pran machandiz yo epi kanpe sou pon an tire wòch sou yo. Yo egzije otorite yo pou mete yon avan pòs prese prese nan mache a pou garanti sekirite yo.

Share:

Leave a reply