Popilasyon an nan komin Bomon pase alenfinitif yon bandi residivis

745

04-15-2023

Bomon, Ayiti___(TRiboLAND) Selon jij depè titilè, Anold Jean Baptiste, yon bandi vòlè moto, trè koni ki rele Wilder Thessa, ki se nèg Koray zòn Fondikak, ki te patisipe nan touye yon chofè taksi moto, ki pote non Segloire Divert, jwen mounen pyès li anba men popilasyon an nan Bomon.

Wilder Thessa, ki se yon bandi notwa, jou pou jou, dat pou dat, ta pral jwenn lanmò li mèkredi 12 mas 2023 a, anba men popilasyon Bomon an. Wilder asasine ak kout manchèt e lapide ak kout wòch pandan yo te sène li sou menm moto siklèt dèfen an.

Dapwè jij Anold Baptiste, komin Bomon pa genyen yon komisarya depi 5 lane, e tribinal la syeje anba galri lakay jij la, depi 2 lane. Pou Baptiste, seyon komin ki livre a li menm, malgre yon agrsiv potansyalite komèsyal.


Comments are closed.