Lapolis Bon Repo fouke polisye Milien Joël Jean Junior

905

12 – 23 – 2023

Lapolis Bon Repo, nan konplisite ak Brigad Entèvansyon Marasa arive fouke yon polisye 28 lane, Milien Joël Jean Junior, yè vandredi 22 desanm 2023 a, akoz li genyen men li twonpe nan divès krim li komèt nan depatman Latibonit, patikilyèman nan Sen-Mak.

Milien enplike nan yon katafal zak malfektè ak touye moun, patikilyèman yon kantite moun nan komin Sen-Mak; Li te nan mawon depi kèk mwa, alòske lap rete tann pou li al reponn kesyon lajistis yo.

Comments are closed.