2 pwezume bandi jwen arestasyon yo, 2 machinn konfiske ak plizyè lòt bataklan sezi nan Mibalè

2,027

11/16/2021

Mibalè_______(TRiboLAND)  Ebensky Lubrenus, 20 lane ak Jean Carl Henry Jusca, 33 lane se non 2 bandi ame fòs lòd yo nan Mibalè arive arete pou zàk vòlò machinn.

Nan yon operasyon ki te arive fèt nan lanwit dimanch 14 novanm pou arive lendi 15 novanm, otorite yo arive sezi nan men malfwà yo 2 machinn e youn ladan yo se yon Toyota 4×4 ki pou Medishare (ONG) ke yo te vòlò nan komin Ench. Anplis, fòs lòd yo arive sezi egalman plizyè lòt bataklan, pami yo yon bon magogo lajan.

Comments are closed.