Papa yon jounalis Radyo Marconi FM nan Pòdpè, mouri tèt koupe.

1,346

11-24-2022

Enel Dorvilus se non yon jounalis Radyo Marconi FM nan Pòdpè, ki mouri nan komin Chansòlm, premyè seksyon kominal Byon, lokalite Gelone.

Chansòlm, Byon, Ayiti____(TRiboLAND) Dorvilus Recnal, se non yon pèsonaj 56 lane ki mouri tèt koupe nan premyè seksyon kominal Chansòlm, lokalite Gelone, byen bonè douvanjou jodi jedi 24 novanm 2022 a.

Nouvèl yo rapòte ke, Dorvilus Recnal te akonpanye piti fi li ki pat pote’l byen; li tap ede li boske laswenyaj medikal nan lopital Imakile Konsepsyon nan vil Pòdpè.

Se konsa, pran wout pou prese retounen lakay pou ale pran swen zannimo, Mesye Dorvilus ta pral jwenn lanmò l andedan lakay li vè 2-3 è douvanjou maten jodi jedi a, kote moun ki te kagoule antre nan moman li tap dòmi, koupe tèt li e pati ak tèt la; alòske, malgre madanm li prank out manchèt nan pye, se bon Bondye ki fèt li arive chape poul li.

Li enpòtan pou nou presize nan moman dram sa, se pa premyè fwa zak zenglendinay sa yo rive fèt nan depatman Nòdwès la, akòz lapolis ki pa an mezi pou sekirize byen ak vi moun ki se yon valè inivèsèl.

Deja nap voye tout mo senpati nou bay kòlèg la, fanmiy li ak tout estasyon Radyo Marconi FM nan vil Pòdpè.

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.