Fwans: Konsèy konstitisyonèl fransè bay esansyèlman refòm retrèt Macron an benediksyon

1,124

04-15-2023

Pari, Fwans_____(TRiboLAND) Konsèy konstitisyonèl peyi Lafwans lan, lage dlo beni vandredi 14 avril 2023 a, sou lwa refòm retrèt ke popilasyon fransès rejte masivman, sitou sou aspè laj rekile a, apati 64 lane.

Sepandan, Konsèy konstitisyonèl la, pa arive bay tout lwa refòm yo benediksyon; okontrè li voye nan kanpe lwen kèk dispozitif sou yon seri projè gouvènman tap kontanple, tankou kreyasyon yon “endèks senyò”.

Ekspè konstitisyonalis yo voye jete egalman rekèt referandòm inisyativ pataje (RIP) a, ke lagoch te depoze a.

Nap raple, genyen yon dezyèm rekèt ke lagoch depoze ke Konsèy la ap genyen pou debat e deside sou li, 3 me 2023 kap vini la.

Comments are closed.