Group gang ki gen nan tèt li “Vitelòm” asasine yon ajan USGPN nan Tòsèl

1,106

10-02-2022

Pòtoprens, Ayiti___(TRiboLAND) Akote touye ou asasine senp sitwayen ayisyen, group gang ki genyen nan tèt li chèf gang notwà, Vitelòm pa sispan kreye dràm nan Tòsel, yon lokalite ki nan paraj kapital la Pòtoprens.

Nan jou sa yo, chèf gang san mèsi a,  pa sispan sible polisye yo; kraze lakay yo ak ekipman anjen lou, kidnape manm fanmiy yo, e menm arive touye yo.

Nan lanwit ki te premye oktòb la, Vitelòm arive touye nan yon anbuskad toupre zòn “EDDY ONE” nan Tòsèl, Harold Alabré, yon ajan USGPN. Kriminèl yo asasinen ajan an, e aprè sa yo ale avèk kadav la.

Zak sa yo, se pami yon seri lòt zak tèrib ki pa ditou entèpele gouvènman PHTK Ariel Henry a ke blan kolon kriminèl yo pa sispan bay tete. Se yon lòt krim egalman ki presipite plis abitan kite zòn asasinay la.

Comments are closed.